Koleksyon kreyolad...SE LANG Kreyòl la k ap fè pwogrè an pèmanans

Signed in as:
filler@godaddy.com

Kòmansman ane 1970 yo te reprezante anpil bagay pou
anpil peyi nan lemond. Pou sosyete peyi d Ayiti a sete
yon epòk kote efò t ap fèt seryezman pou montre lang
Kreyòl Ayisyen an kapab sèvi pou eksprime
/tradui/entèprete ide avèk konsèp swadizan
elve/konplike/entèlijan epi pwouve, gras ak bon jan
demontrasyon literè pratik -tankou defen Prezidan
Tannzanyen, Julius Nyerere, te di sa pou Lang Swahili a:
“Lang Kreyòl la kapab sipòte tout pwa kilti ak literati
mondyal la.”
Sa ki te vle di an menm tan ke kreyolis yo ak patizan yo ta pral oblije travay pou voye tè nan pwa yon elit sosyal, ekonomik, politik e sitou kiltirèl, paske yo ta pral foure men tout longè nan dyakout nasyonal la pou yo te pran yon moso ki revni yo dedwa nan sa ki ta dwe reprezante yon “eritaj kominotè ak kolektif” ki te toujou rete yon kinan san pataj pou sa yo rele swadizan “lang
mòt” yo (Laten ak Grèg), plis “lang womann” yo (Fransè,
Espayòl, Italyen, Potigè ak Woumen) mete sou kèk lòt lang gwo kouran, gran lizyè oubyen gran lizaj, tankou Angle ak Alman, elatriye… epi prezante yo nan yon langaj chaman, elegan, devlope nan tout domèn aktivite lèzòm epi ki “pa gen pyès eskiz pou l mande pèsonn” (deklarasyon Pwofesè Bryant C. Freeman, fondatè ak direktè The Creole Institute of Kansas University oubyen Enstiti Kreyòl Inivèsite Kannzas) epi otè youn nan diksyonè Kreyòl-Anglè ki pi konplè ki egziste depi 2èm pati dekad 1980 an).
Ebyen, sete nan epòk sa a jisteman ke yon nonm ki te gen
yon maladi foli fou pou lang kreyòl la, Mèt Saint-Arnaud
Numa, pwofesè literati klasik ak teyat 17èm syèk la nan CNAD (Le Conservatoire National d’Art Dramatique), te deside prezante nan Rex Théātre, pi gwo sal sinema nan peyi d Ayiti, yon pyès teyat li ki te rele“Jeneral Wodrig”, yon endijenizasyon Le Cid, swa yon tradiksyon/entèpretasyon kreyòl yon pyés teyat trajik ki gen 5 akt e ke ekriven fransé Pierre Corneille te pibliye anvan fen premye mwatye 17èm syèk la, pi presiseman nan lane 1636.
Nan menm moman kote Mèt Numa te chwazi mete travay literè li a devan gran piblik la an jeneral e devan mond entèlektyèl ak kiltirèl peyi a tou espesyalman, majorite etidyan yo, san yo pa t pase okenn konsiyn, te deside ansanm tankou yon sèl moun, pou fè Lang Kreyòl la -e Lang Kreyòl sèlman- sèvi kòm lang sektè divètisman an annatandan yo te pase men pran lòt domèn, tankou sektè medya yo, lekòl yo, pwofesyon liberal yo, elatriye.
Finalman, yon pati nan lelit entèlektyèl la te kòmanse konstate,
nan mitan ane 1970 yo, verite ki genyen nan sa Oswald Durand te wè depi nan kòmansman 20èm syèk la, Georges Sylvain ak Marie Bhlocaire-Sylvain te konprann depi nan ane 1930 yo epi Felix Morisseau-Leroy te demontre depi nan fen ane 1940 yo: Kreyòl Ayisyen an kapab sèvi kòm kouwa transmisyon konesans ak eleman kilti ak sivilizasyon. Pami etidyan Konsèvatwa Nasyonal Da Dramatik la ki te genyen ase bon sans, ase bon konprann pou yo te wè sa avèk yon pè zye ki te nan fon kè yo, te genyen etidyan tankou Ezéchiel Abellard, Anthony Pascal (alyas “Konpè Filo”), Dany Laferrière (menm jan ak aktè jakmelyen Fritz Valescot, li te sèlman yon vizitè plen kiryosite, men sete deja yon
jounalis moun Pòtoprens ak Ti Gwav, vil natal la, te byen konnen, sitou gras avèk siyati li ki te prezan prèske chak wikenn nan magazin endepandan Le Petit Samedi Soir), Evans Paul, Fritz Polynice alyas Fito Popo, Perc Morency, Samuel Saint-Dict, Sobner Saint-Dict (pwochen Mouche Defas), Daniel Marcelin, Marie-Ange Saint-Fleur, Marie Renée Lantimo, Emmanuelle Eugène, Lyonel Desmarattes, Asistan Pwofesè Constant Emmanuel (moun Lavale Jakmel, pou nou pa konfonn li avèk Emmanuel “Toto” Constant ki se moun Potoprens, li menm), Fritz Fanfan, elatriye.
Se nan konteks sa a etidyan Lyonel D. Desmarattes, ki te
toujou aktif nan tout fèt CNAD t ap òganize swa pou ouvèti ane akademik la, swa pou make yon remiz diplòm ki te dewoule chak ane, te anonse manm yon twoup teyat li te fonde e ki te rele “Le Club des 7”, desizyon li te pran pou l te mete an kreyòl kèk nan pyès teyat dramatij fransè Jean-Baptiste Poquelin, alyas Molière. Li te pale san l pa t leve vwa li twò wo –sa ki te rive misye trè raman lè li te ekzite- pou l te di Perk Morency, Emmanuel Eugène ak 5 lòt manm “club” la:
“Si ti poul la pa fè yon efò, l ap rete prizonye nan kokiy ze a…”,
yon deklarasyon li te prete nan men kouzen li, Pastè Mégie
J. Sylvains, dokté an teyoloji, sikològ, gerisè diven epi
fondatè Legliz Evanjelik d Ayiti, Okap Ayisyen. Depi epòk kote Lyonel D. Desmarattes te nan CNAD la rive jounen jodi a genyen anpil dlo ki koule anba pon Koleksyon Kreyolad la ki genyen ladan li, antwòt, tit sa yo:
‘
- ‘Mouche Defas’ oubyen ‘Le Tartuffe’ an kreyòl;
- ‘Lekòl Medam yo’ oubyen ‘L’Ecole des Femmes’ an kreyòl;
- ‘Fanm Filozòf’ oubyen “Les Femmes Savantes’ an kreyòl;
- ‘Zanmi Pèsonn’ oubyen ‘Le Misanthrope’ an kreyòl;
- ‘Pèp Bondye a’ oubyen ‘Athalie’ an kreyòl;
- ‘Bravo pou Ayiti’ oubyen “Horace’ an kreyòl;
- ‘Woben Lakwa’ oubyen ‘Robinson Crusöé’ an kreyòl;
- ‘Chavalye d Artagnan’ onbyen ‘Les Trois Mousquetaires’ an kreyòl;
- ‘Panse ak Refleksyon Moral ak Filozofik’, adaptasyon kreyòl ‘The Prophet’, liv filozòf amerikano-libanè Khalil Gibran;
- ‘Timtim, Bwa Chéch’, Kont Pa M, Istwa Pa M’ Volim 1.
<<Koleksyon Kreyolad la se lang kreyòl la ki fè yon gwo kokenn chenn pa an avan.>>
(S): Aly Jean-Louis, kritik literè, tradiktè, entèprèt ak oratè motivasyonèl.
KOLEKSYON "KREYOLAD" LA AP PRAN PLIS JARẺT
Dekouvri inivè literè sanba kreyolis Lyonel D. Demarat gras ak yon vizit sou 2 sit entènèt li yo ki se “kreyoldabo.com avèk “creole-first.com”. Sou sit sa yo ou kapab fè plis konesans avèk yon ekriven ayisyen ki pase tout vi li ap travay pou/avèk/nan lang kreyòl la, swa depi li te nan lekòl segondè nan ane 1970 yo pou rive jous jounen jodi a. Yon senp koudèy sou kreyoldabo.com oubyen creole-first.com ap pèmèt ou wè ke plis ane ap pase, se plis Demarat ap travay di pou l ede lang kreyòl ayisyen an jwenn epi konsolide dwa li kòm yon lang ki kapab sèvi pou eksprime ide ak konsèp konplike epi tranmèt konesans.
Si Demarat pase preske 50 lane ap travay kòm jounalis an Ayiti ak aletranje (Radio RGR Progrès, Radio Nouveau Monde, Radio Haiti Inter ak Radio Nationale d'Haiti sòti nan lane 1973 pu rive nan lane 1985) epi Lavadlamerik, nan Wachintonn DC (sòti an 1986 pou rive nan lane 2022), li pa janm sispann sèvi ak tan lib li pou l fè efò chak fwa sa posib pou l bay lang manman li a plis jarèt; e menm jan avèk Feliks Moro-Lewa, gwo pyonye Mouvman Kreyolis la ke li konsidere kòm yon modèl ak yon sous enspirasyon pou li, rèv li se voye lang nan monte gras ak zèv teyat, pwezi epi tout kalite istwa (kout oubyen long) dekwa pou finalman kreyòl ayisyen an fin pa monte pewon gouvènman nètalkole.
Nan koleksyon liv kreyòl Demarat la, ke li rele 'Kreyolad'* an Kreyòl e 'La Creolade' an fransè, genyen zèv orijinal -tankou 'Timtim, Bwa Chèch, Kont Pa m, Istwa Pa m’- menm jan genyen adaptasyon ak tradiksyon, sa Pwofesè Briant C Freeman (RIP), pwofesè lang fransèz nan Inivèsite Kansas, rele "yon entèpretasyon kreyòl" plizyè pyès klasik fransè, zèv ekriven tankou Jean-Baptiste Poquelin alyas Molière, Jean Racine ak Pierre Corneille. Koleksyon an genyen ladan l tou youn nan chedèv gwo womansye fransè Alexandre Dumas Pere, 'Les Trois Mousquetaires' ou an kreyòl 'Chevalye d'Artagnan oubyen yon 4èm Mousketè', avèk yon manman penba woman ki rele 'Robinson Crusoe', an kreyòl Woben Lakwa, premye woman tip avanti sou lanmè ke otè britanik Allen Defoe te ekri nan dizèndane 1740 yo e ki ta pral rete kòm sèl referans nan jan sa a pandan plis pase yon syèk, swa jous nan ane 1890 yo kote ekriven fransè Jules Verne ta pral vini avèk seri woman avanti tankou '20000 lieues sous la mer', 'Le tour du monde en 48 heures', epi 'Voyage sur la lune'.
Men yon lis pasyèl liv kreyòl Demarat deja pibliye yo:
-Mouche Defas oubyen 'Le Tartuffe" an kreyòl,
-Lekòl Medam yo oubyen L'Ecole des femmes an kreyòl, èò
-Fanm Filozòf oubyen Les Femmes Savantes an kreyòl,
-Zanmi Pesonn oubyen Le Misanthrope am kreyòl,
-Pep Bondye a oubyen Athalie an kreyòl,
-Chevalye d'Artagnan oubyen Les trois mousquetaires an kreyòl,
-Woben Lakwa oubyen Robinson Crusöé an kreyòl,
-Bravo pou Ayiti oubyen Horace an kreyòl,
-Timtim Bwa Chèch, Kont pa m, Istwa pa m, volim 1.
Anvan lontan koleksyon an pral genyen tou Timtim, Bwa Chèch, Kont Pa m, Iswa Pa m volim 2 ki va parèt nan enprimri Educa Vision ki baze nan sid Eta Florid, pi presizeman nan vil Coconet Creek, FL. Se emprimri sa a tou ki va pibliye yon woman Lyonèl Demarat rele Egzile sou Zile, yon woman avanti ki prezante lavi 3 maren ki pedi sou yon zile san sekou ni asistans pèsonn, men ki rive siviv grasak lafwa yo nan Granmèt la ki pa sispann fè mirak apre mirak pou kenbe yo vivan jiskaske yon dènye mirak fèt epi yo rive kite zile a senesòf, sa vle d san yon grenn cheve pa sòt tonbe nan tèt yo. Demarat didye liv sa a pou yon ansyen kòlèg li nan Lavwadlamerik, yon pwodiktris pòtigèz ki rele Manuela Sando do Vale ki te ofri li yon bon pati nan bibliyotèk pèsonèl li lè pwodiktris sa a t ap pran retrèt li nan estasyon radyo a 5 lane konsa anvan Lyonèl te pran retrèt pa li nan kòmansman mwa oktòb 2022. Nou jwenn orijinal istwa ki nan Egzile sou Zile nan youn nan liv sa yo ki pa gen tit e ki te ekri nan ane 1930 yo, savledi se yon liv ki deja tonbe nan domèn piblik la.
Pami liv Demarat konte fè parèt pandan ane 2026 la si Bondye vle, n ap jwenn yon ti liv k ap genyen mwens pase 100 paj e ki va gen pou tit ‘Pèsonaj ak peyizaj nan Bondye ri’ plis lòt tèks pou yon lekti kourant nan lang Kreyòl Ayisyen an.’ Ti liv sa a va antre nan kad 2èm volim seri ke otè a rele ‘Timtim, Bwa Chèch, Kont Pa m, Istwa Pa m.’ Li va genyen ladan l non sèlman pèsonaj ak peyizaj ki nan ‘Bondye ri’, men tou powèm ak lòt tèks Demarat ponn apre piblikasyon premye volim ki te parèt nan lane 2013 nan Jebca Productions ki baze nan vil Bostonn, nan Eta Masachisèt.
Filadelfi, 27 novanm 2025
* "Kreyolad" se non yon twoup teyatral Lyonèl D. Demarat te fonde an Ayiti nan kòmasman ane 1980 yo. Manm twoup la sete -pa lòd alfabetik: Anaise Chavenet, Madsen Dostaly, Lyonel Desmarattes, Cherubin Dorcil, Ketlie Pamphile, Milo Pierre, Samuel Saint-Dic, Marie-Ange Saint-Fleur avèk Yvette Salomon. Kreyolad te monte sou sèn Rex Theatre, pi gwo sal sinema nan peyi d Ayiti, avèk oditory òm Enstiti Fransè d Ayiti nan Pòtoprens nan lane 1983 pou reprezantasyon "Mouhce Defas", yon tradiksyon pyès klasik damatij fransè Molière ke Demarat te reyalize.
Ekip la te genyen pou li te prezante pyès la tou nan vil Jakmèl, Ti Gwav ak Okap Ayisyen nan menm ane a pandan ke tèks ‘Mouche Defas’ la ta pral parèt anba près Inivèsite Kannzass, nan vil Lawrence, Ozetazini, anba sipèvizyon Doktè Bryant C Freeman, yon pwofesè ameriken ki espesyalize li nan literati fransèz 17èm syèk la. Pwofesè Freeman te asiste reprezantasyon pyès la nan Enstiti Franseè epi li te akonpaye Demarat nan yon konferans ki te dewoule menm kote a. Nan konferans sa a, Pwofesè Freeman te fè yon deklarasyon ke yon krtik literè konsidere kòm "yon gwo verite sou evolisyon kreyòl la kòm yon lang depi piblikasyon ‘Dyakout’, seri Feliks Moriso-Lewa a nan fen dizèndane 1940 yo. Li te di:
"Le Créole haïtien n'a d'excuses ā demader ā personne."
Oubyen "Lang kreyòl ayisyen an pa gen ekskiz pou l mande pèsonn moun."
Avèk koleksyon 'Kreyolad' la mete sou piblikasyon chak liv Lyonèl Demarat ekri nan lang Kreyòl Ayisyen an, li pwouve ke Pwofesè Bryant C. Freeman genyen 100% rezon e ke lang manman nou an kapab reprezante yon zouti efikas pou transmisyon konesans, kilti avèk sivilizasyon.












Copyright © 2025 creole-first.com - All Rights Reserved.
We use cookies to analyze website traffic and optimize your website experience. By accepting our use of cookies, your data will be aggregated with all other user data.